Haitian Creole Bible

Psalms 120

Psalms

Return to Index

Chapter 121

1


 

  ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?  

 

 


2


 

  Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.  

 

 


3


 

  Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.  

 

 


4


 

  Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.  

 

 


5


 

  Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.  

 

 


6


 

  Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.  

 

 


7


 

  Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.  

 

 


8


 

  L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.  

 

 


Psalms 122

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: